Ministè Jistis ak Sekirite piblik ap enfòme popilasyon an, pa rapò ak deteryorasyon klima sekirite peyi a, li mande Lapolis pran tout dispozisyon pou l pwoteje vi ak byen jan lalwa mande sa.

MJSP mande Lapolis pou li entansifye operasyon li ap mennen depi plizyè mwa kont bandi, kidnapè, asasen k ap simen dèy ak laperèz nan mitan popilasyon an.

Ministè jistis ak Sekirite piblik ap mande popilasyon an pou l kolabore san gade dèyè ak Lapolis nan ba l bon jan enfòmasyon epi nan veye youn sou lòt.

Ministè Jistis ak Sekirite piblik pwofite raple tout moun nan ka kote endividi ak zam antre lakay yo ak vyolans, lalwa pèmèt yo defann tèt yo jan atik 272 jiska 274 Kòd Penal Ayisyen presize sa.

Li enpòtan pou chak sitwayen sitwayèn konnen lè yon moun kolabore ak gang, ede yo pa kelkeswa mwayen pou yo fè zak kriminel, yap sibi menn sò ak yo dapre atik 45 Kòd Penal Ayisyen an.

Une nouvelle titulaire, Mme. Émmelie PROPHÈTE-MILCÉ, au ministère de la Justice



Plan d´Actions du Ministère de la Justice et de la Sécurité Publique - 2012-2016
Cliquez ici



Les 5 projets prioritaires du MJSP
Cliquez ici

 

  Visitez les liens ci-dessous

 


Lien pour la formation des parquetiers

Ordre judiciaire
Cartographie Judiciaire
Annuaire des juges
Les professions judiciaires

La réforme judiciaire
Le Conseil Supérieur du Pouvoir Judiciaire (CSPJ)
Le statut des magistrats
L'Ecole de la magistrature
Système d'Information de la Justice

Organismes déconcentrés
L'Unité Centrale de Renseignements Financiers
La Commission Nationale de Lutte contre la Drogue
L'Office National d'Identification (ONI)

Autres liens importants
Présidence
Primature
Secrétairerie d'Etat à la sécurité Publique